Washla

Washla - nou bite men nou pa tonbe lyrics

rate me

WASHLA - NOU BITE MEN NOU PA TONBE

(HOMMAGE AUX VICTIMES D'HAITI 12-01-2010)

fanfan mizik (intro)

fanfan mizik di haiti bite li pap tonbe

menm si drapo a chire nap kenbe baton an

washla chante pou moun yo.

DjDicoz(HaitianPower) (intro)

depuis le premier souffle de l'histoire d'haiti

une notion est apparue sous l'influence d'une nouvelle génération

de jeunes issue de la diaspora haitienne dans le but de faire comprendre

sous un angle positif le power.

McRoméo (Couplet 1)

12 janvier 2010 map sonje dat sa jiskaske mal anba tè

éveneman sa fèm pi mal ke menm yon kout kouto anba kè

gadon pèn nap peye kom si pèp ayisyen'n te an nafè

wi sa fèm mal lè map gade on bann ko sans vie

moun ap kriye de la vie yo pa gen okenn envie

men sonje chak sat rive nan istwa yon pèp se yon acquis

nou pap rete ap mande c' la faute à qui

nou tonbe men fon leve ann di ayiti pap mouri

nou pral plante pou timoun yo ka nouri

doulè a di men nap kenbe haitianpower nou ka sote nenpot ki mi ro

et en passant rip ak sak tonbe yo youngcliff et jimmy ooo

nou ale men nan mizik sa nap ret grave nan kè mc roméo

(rapkreyol for life)

wendy niggaz & nadee love (refrain)

tou tan souf nou pa koupe

nou pap bouke espere

nou pap bese les bras

s'il le faut nap brè dlo sale (paske)

-Nou bite men nou pa tonbe.

menm si soufrans la rèd

fo nou mare ren nou

an nou pa goumen sa lèd

fo nou kenbe men nou (paske)

-nou bite men nou pa tonbe.

wendy niggaz (couplet 2)

je pense à ceux qui n'ont plus de toie

et ceux qui n'ont plus de quoi

manger... ceux qui sont tristes qui n'ont plus de joie

qui passent deux jours sans manger parce qu'ils n'ont pas le choix

alors que nous dans dix minutes si on veut on peut manger deux fois

putain tu t' rends compte comment la vie est injuste dès fois

kisa'n fè nap peye gade moun kap rele

dè fwa m'oblije mande si nan tèt bondye nou pa reye

est-ce bien lui qui nous a créé

bagay sa fèm efreye

ayisyen fon eseye

rete reveye

menm si soufrans la rèd

fo nou kenbe rèd

rest in peace pou sak dèd

mèsi pou tout sak ba'n èd

ki pa kite moun yo mèg

ki bayo manje ak bed

lè map gade bagay sa m' gen impression map gad on fim

m' pat janm panse on jou m' ta wè sa nan vim

lè map ekri kouplè sa mwenk pou ta diw kijanm santim

m'anvi ede men nan poche mwen pa gon centime.

((REFRAIN))

TIP Ti nèg Gou a (Couplet 3)

mezanmi suspense se ti nèg gou a

hey mesye pase mwen mike la

poum lage tout sak sou kèm

m' pa kapab anko m' santi map vin fou la

le 12janvier 2010 se kom si mond la te sispann tounen

sa son dat ke okenn ayisyen pap janm ka bliye

on tragedie pase kraze peyi a en entier

jou sa met chagrin et dlo nan je tout le monde entier

m' ta renmen konnen èske nou les haitiens si'n pa se pitit bondye

kifè tout sa ki pa bon se sou nou pou yo tout tonbe

poutan nou se yon pèp nwa ki vrèman kwè nan bondye

tout vye maladi evènman katastrofik se nou'k pou sibi

2003 nou pran nan siklon 5ans après nou pran nan gustave

et 2010 tremblement de terre oowww men sa son abi

men letenèl men kisa ayisyen fè pou nap soufri konsa?

((refrain))

HaitianPower (Outro)

depuis le premier souffle de l'histoire d'haiti

une notion est apparue sous l'influence d'une nouvelle génération

de jeunes issue de la diaspora haitienne dans le but de faire comprendre

sous un angle positif le power - le power c' soit tu l'as soit tu l'as pas

et nous peuple haitien on l'a.<br />

<br />

Thanks to negrod3 washla nou bite men nou pa tonbe marckendy

Get this song at:  amazon.com  sheetmusicplus.com

Share your thoughts

0 Comments found